Avili Yo [Kanaval 2014]-Djakout #1

Genre-Kanaval
Year-2014
Produced By-Ti Regi
[Ti Regi]
Shabibi ala yon bèl bagay lè nèg sot chanpyon papa
Gade kijan kouwòn ou bèl sou tèt ou

[Shabba]
Fò Djakout ta jwenn jistis a tout fanatik li yo
Jan moun sa yo djolè

[Koral]
Fanatik Djakout nou jwenn jistis nou (2x)
(Chante! #1 nan)
Vwazen fè tròp djolè nou jwenn jistis nou
(Angelo, nou jwenn jistis nou. Rewind Selecta!)
Fanatik Djakout nou jwenn jistis nou
Vwazen fè twòp djolè nou jwenn jistis nou
Fanatik Djakout nou jwenn jistis nou

Zewo kat karant se revè machann bòlèt 3x

Boston United
Kensy Production,
Sa k rive Ti Bèto a s'on boul bòlèt

Ki bagay afè rèvè machann bolèt sa?
Pa di m nou pral antre nan koze nou pa sipoze antre ti mesye
[Shabba]
Pa antre? Gen bagay Ti Bèto konn tande sou nou l pa fè kanaval sou li
Ann tounen sou “le passé”

“Ti piti m'tande yo divose'w. Pukisa?”

Tande se de Ti Regi yap pale Shabba
Se ti Regi ki supoze bay mo pa l sou bagay sa a

[Shabba]
Ebyen bay mo'w non Ti Regi

[Ti Regi]
Mwen menm, si se pou mwen, apwouve!

[Koral]
Ou pran nan cho
(E sa a papa, heeey)
Ou pran nan cho ane sa a
(M'gen dosye pou ou wi papa)
Fò lang mwen ta koupe pou ‘m pa pale
Ou pran nan cho
(Se pa ti cho, haaaay!)
Ou pran nan cho ane sa
(Li boule!, men bon nouvèl)
Si se te mwen w pa tap kache l

[Pouchon]
Bèto gen 2 gita, youn pou travay youn pou ret lakay
Premye a pou l'al jwe, dezyèm nan pou li karese
Lè lap kite kay li li pran tout tan, li byen siye l, byen akòde l
Lè li retounen,li jwenn guitar dezakode
(Gen kòd ki kase...kong!)
Se konsa zanmi, se sa k lavi lè ou ri malè yon lòt
Li retounen nan dada w, paske

[Koral]
Se sou latè ou peye, ou peye sa w fè 4x
Shabibibibibi

[Shabba]
Aya! Gason kolon, gason k pa bay fanm lajan
Do kiyè fè!
Ti Bèto s'on gason makoklen
Do kiyè fè!
Pou Sen Valanten, ou pap bay yon chokola
Do kiyè fè!
Pou kripya pou'w pèdi fanm aw
Do kiyè fè!

Ou s'on gason kolokent (Ohhh!)
Gason ti koulout (Ohhh!)
Gason bakoulou (Ohhh!)
Yoyo kana

Ay Ti Bèto, kiyès ou ye pou gen yon fanm poukò'w?

[Koral]
Yo manyen madan Bèto (2x)
Nouvèl la nan tout lari
Yo manyen madan Bèto
Woy, kiyès ki fè sa?
Jojo (8x)

Rhum Bakara

Yo manyen madan Bèto (2x)
(Comme il Faut, ou tande?)
(Misye k'avili tèt li pou kont li wi)
Yo manyen madan Bèto
Woy, kiyès ki fè sa?
Jojo (8x)

Don Poyo
Emosyonèl, wap fout kite

[Koral]
Alo Ti Regi, yo di w kite
Fout tounen nan djazz ou
Bay pèp la guitar
Blengendengengendengendengendeng

[Keytar groove]

Ouvè kò'w (4x)

HL Construction

Alo Ti Regi, yo di w kite
Fout tounen nan djazz ou
Bay pèp la guitar
Blengendengendengendengendeng
Ouvè kò'w (8x)

Mega, banm Mega m

Leve nan dòmi (2x)
Tonè boule m djaz peyi pa ka peri
Leve nan dòmi (2x)
Tonè kraze'm djaz peyi pa ka peri

Pa bay djaz la madichon (2x)

[Shabba]
Menm si l kapote (A dwat!)
Li kapote (A goch)
Djakout s'on fe datifis lè dife nan dada'l, li file li monte pi wo (2x)
Li monte pi wo (5x)
Les mains en l'air!
Fanatik Djakout yo, manyen syèl la
Manyen syèl la (4x)

[Koral]
Woy 7x
Café Rébo

Bon tout mizisyen kouri kite w pou pa touche epi wap vinn pale de lakay pam?
Gad eta'w

[Koral]
Vaz la depacha, Ti-ti Ti Eddy kite!
Vaz la depacha, vaz la depacha
Ti Kebreau, Ti Tanbou kite
Vaz la depacha

Pa bay djaz la madichon (2x)

Menm si l kapote (A dwat!)
Li kapote (A goch)
Djakout s'on fe datifis lè dife nan dada'l, li file li monte pi wo (2x)
Li monte pi wo (5x)
Les mains en l'air!
Fanatik Djakout yo, manyen syèl la
Manyen syèl la (4x)

Woy woy woy (4x)

Sik Flèch Kann
Mache Ti Tony

Woy woy wo
Woy woy wo

Digicel cheri, telefon peyi a, flote drapo djaz peyi a
Cap Travel

Woy woy wo
Woy woy wo

Si Ti Beto pede kriye, kriye , fò n konsole'l

[Tonton Bicha]
Ebyen Ti Bèto, met gason sou ou
M'konprann doulè aw
Pran kouraj frè anm”

[Shabba]
Tonton Bicha, vinn konsole ti kriye pou fanm nan

[Tonton Bicha]
Non, petit Bèto ne pleure pas
Car un jour elle te reviendra (Pa ri non, tande)
Non, petit Berto ne pleure pas
Car un jour elle te reviendra

Gad'on doulè

Woy woy woy

[Shabba]
Ahh m'fout bouke bat ou

[Koral]
Okap, yo pran bwa
Channmas, yo pran bwa
Gonayiv, nou pral avili yo

Avili yo, avili yo, avili yo (4x)

Mozard, kote ti solda Vice yo?

[Koral]
Yo la, yo la, yo sispèk
Yo la, yo la, yo anba chal
Yo la, yo la yo fache

Avili yo avili yo avili yo (4x)

[Shabba]
Bon an n fè yon lòt bagay
An n montre Sen Domeng jan n renmen Ayiti

Si w renmen peyi w, men dwat anlè, anlè
Men goch anlè, anlè
Battez les mains, tout moun – pla pla pla pou peyi a
Men dwat anlè – anlè
Men goch anlè – anlè
Yon ti bravo tout moun – pla pla pla
Tèt kole pou Ayiti pi djanm
Moun anwo, moun anba, dyapora
Monte tèt stand, do kamyon
Fè Dominiken wè fyète nou

Lakay se lakay – wey
Pa gen tankou lakay – wey (3x)
St Domeng gen foli blaze'n

Pa gen a-a konsa a (4x)

Solisyon, 1 2 3
Si w renmen peyi w, men dwat anlè, anlè
Men goch anlè, anlè
Battez les mains, tout moun – pla pla pla pou peyi a
Men dwat anlè – anlè
Men goch anlè – anlè
Yon ti bravo tout moun – pla pla pla
Tèt kole pou Ayiti pi djanm
Moun anwo, moun anba, dyapora
Monte tèt stand, do kamyon
Fè Dominiken wè fyète nou

Lakay se lakay – wey
Pa gen tankou lakay – wey (3x)
St Domeng gen foli blaze'n

Pa gen a-a konsa a (4x)

Ti-ti-ti ti gele

M&S Auto Design

[Pouchon]
Jo,jo ou pa pran nouvèl Beto?

“Ahh tèt chaje, yo dim misye g'on bann pwoblèm”

[Koral]
Yo manyen madan Bèto
(La Colombe Hotel, ou tande?)
Yo manyen madan Bèto
Woy kiyès ki fe sa?
Jojo 8x

Serge, Ti Paul Demesmin

Alo Ti Regi, yo di w kite
Fout tounen nan djazz ou
Bay pèp la gita
Blengendengendengendengendeng
Ouvè kò'w (fade out)

Télé Haiti
PleziKanaval
Adeko
Bay nouvèl la